lundi 21 novembre 2011

AKI FAM nan BJL

Jou ki te samdi 19 novanm nan BJL te resevwa  gwoup AKI FAM (Aksyon Kiltirèl Fanm),se yon gwoup fanm ki deside jwe rara,yon jan mizik ki te sanble pwopriyete gason avan,se kòm si fanm  pat ka jwe rara,yo te sèlman la pou danse, chante,epi souvan anpil chan rara yo te konn ap voye pawòl piman bouk sou fanm  .Rara a gen 16 fanm,se yo ki jwe tout enstriman yo,soti nan tanbou,pase nan banbou,kòne,klòch,tchatcha elatriye. Medam yo te montre yo metrize tout enstriman yo,san konplèks vaksin te marye,patisipan yo tap yaya kò yo. Animasyon kiltirèl sa yo se yon mwayen poun valorize kilti nou e pwopoze jèn yo aktivite ki makònen ak kilti yo. Piblik la te soti satisfè apre espektak la.










Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire