dimanche 24 novembre 2013

Yon espas multimedia nan BJL

Nan kad pwoje "Dwa kominikasyon pou Jenn yo ak fanm yo ka jwi dwa yo komsadwa,ke Gwoup Medyaltenatif ap Mennen, BJL benefisye yon espas multimedia ki batize "Telesant kominote Kafou." Espas sa a pral sevi kom espas fomasyon ak animasyon pou jenn yo ak fanm yo kap viv nan kominote a.



vendredi 8 novembre 2013

Deba nan BJL


Plis pase yon trantèn fanm ak gason,te asiste jou kite 7 novanm 2013 la ,yon konferans deba sou zafè sosyalizasyon diferansye a ak inegalite epi vyolans sou fanm nan lokal Biblyotèk Justin Lherison.

Aktivite sa a te fèt sou inisyativ Asosyasyon feminis D’Elles,nan kad yon pwogram ki batize : « 7 a Elles ».

Madam Marie Frantz Joachin ki se kowòdonatris  Solidarite Fanm Ayisyèn yo (SOFA) te jwe wol Konferansye ,li te itilize yon metòd kote tout patisipan fanm kou gason te envite pote konpreyansyon pa yo sou koze ki tap debat yo.

Deba de trè anime,ni piblik la ,ni konferansye a te paret satisfe. Nap raple ke Bibliotèk Justin Lherisson fe pati de rezo telesant kominotè ke Groupe Medialternatif mete sou pye nan kad Pwoje « Dwa kominikasyon pou jèn yo ak fanm yo ka jwe wol yo kom sa dwa » yon pwoje ki jwenn bourad nan men Inyon Ewopeyèn.




samedi 31 août 2013

 
Jou ki samdi 31 dawout la,BJL te resevwa Innocent Garnel yon espesyalis nan telekominikasyon ki te vin few ti pale sou chanjman ki anonse sou koze televizyon nan peyi dayiti. Sou tout estasyon radio ak televizyon,nou we konatel ki se enstans kap jwe wol mitan jwet nan koze telekominikasyon nan peyi a ap fe pase piblisite pou pare popilasyon an sou chanjman yo. Pwofese Innocent te komanse pa fe diferans pou patisipan yo ant televizyon analojik ak televizyon dijital,premye a se yon resepte pasif,lot la se yon resepte aktif donk li ka jwe lot fonksyon ke gade imaj ak tande son.
 
 
BJL te organize konferans sa a pou pemet manm li yo konprann chanjman sa a e pran devan,lang franse a ta di antisipe. Kom kominikasyon se yon dwa,nou komanse reflechi sou akse a system televizyon nimerik la. Eske li pap mete yon bon pati nan popilasyon an ,sitou sa ki pi vilnerab sou plan ekonomik? Eske leta sa a pre pou akonpaye popilasyon an nan chanjman sa a? ki enpak lap gen sou ekonomi an? Koman pou yon moun fe chwa achte yon aparey televizyon Jodi a? Ki jesyon ki pral fet de aparey televizyon analojik kap itilize sou mache ayisyen an Jodi a?  se te tout kesyon sa yo ki te rive debat nan kad aktivite sa a.
 
 
Patisipan yo te tre satisfe e yap tann lot aktivite konsa.
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 





vendredi 16 août 2013

Espetak Palto Vanyan nan BJL




Jou  vandredi 16 jiyè 2013 la,Bibliyotèk Justin Lherisson BJL te resevwa Konpayi Teyat Palto Vanyan nan yon reprezantasyon yon pyès teyat ki pote non   Solèy Douvanjou.  Se te yon veritab espekak teyat total,kote tanbou,chan,dans ak teks te makonnen pou plezi patisipan yo.

Espektak sa a antre nan kad solidarite konpayi teyat Palto vanyan ap fè ak BJL pou kenbe lakilti anvi nan komin Kafou . Nan mwa oktob kap vini an,BJL pral komemore 14 lane ekzistans sant kiltirèl sa a kap bay la kilti ak atis yo bourad nan fomasyon,akonpayman elatriye.

Atis yo te bay yon bèl espektak,patisipan yo te trè kontan.BJL ap remesye Palto Vayan pou kolezepol sa a.










mardi 13 août 2013

Animasyon teknolijk pou jen



Nan objektif pou inisye jèn yo nan itilizasyon teknoloji enfomasyon ak kominikasyon yo,Bibliyotèk Justin  Lherisson òganize yon seri atelye pratik  sou koze sa a.
 
 
 
 

jeudi 8 août 2013

Invitation


 
La Bibliothèque Justin Lherisson et l’Atelier Création Marcel Gilbert vous invite a une conférence-débat sur le thème : « La signification du soulèvement des esclaves dans la lutte pour l’indépendance.
Intervenant : Fritz Lonchamps
Date : Samedi 10 juillet 2012, à partir de 2 h pm.

dimanche 10 juin 2012

Ki wòl medya yo nan pwomosyon kilti lakay


Jou ki te samdi 9 jen an,BJL te resevwa jounalis kiltirèl Adler Jean-Pierre ki tap pale sou wòl laprès nan pwomosyon kilti lakay. Deba te enteresan anpil,anpil jèn te patisipe. Apre entèvansyon jounalis la,powèt Sosyete Powèt lang kreyòl yo,te bay yon espektak nan lari kafou. Yo te batize aktivite sa a : « Lekti ban piblik. »