lundi 31 octobre 2011

Atelye penti ak eskilti nan BJL.





Nan Bibliotheque Justin Lherison gen plizye atelye kap fonksyone,yo travay sou ekriti,penti ak eskilti,teyat,dans elatriye. jou ki te dimanch 30 oktob la,yon gwou jen atis tap prezante Zev yo.








2 jen kap prezante travay yo



yon atis ka eksplike travay li

lundi 24 octobre 2011

Les jeunes a la BJL





Denpi plis pase 12 lane, Bibliothèque Justin Lherisson se yon espas kap akonpaye jèn komin kafou, nan domèn kiltirèl, edikatif ak sosyal. Li gen yon espas lekti, yon espas pou ekspoze zèv atis nan kominote a, epi li genyen tou yon espas ki rezève pou animasyon . Plizyè atelye ap fonksyone nan espas sa a, yo travay sou a plastik, ekriti, teyat elatriye. Espas sa a, sèvi tou pou akeyi reyinyon òganizasyon ak klib kiltirèl kominote a. Kominote a konsidere espas sa a kòm yon veritab sant kiltirèl, yo idantifye yo ak espas la.









La Bibliotheque Justin Lherisonn le vendredi 21 octobre

mardi 11 octobre 2011

Pwojeksyon Goudou Goudou

Jou ki te jedi 6 oktob la,BJL te resevwa yon ekip Gwoup Medialternatif nan kad Pwojeksyon yon fim dokimante ke Pieter Van Ecke ak Fabrizio Scapin  te reyalize sou tranbleman tè 12 janvye a. Anpil moun te fè deplasman pou te vinn assiste pwojeksyon sa a. apre reyalizatè yo te pwofite reponn kèk kesyon ke piblik la tap poze epi ranmase tou komantè piblik la. Anbyans la te enteresan,ni piblik,ni reyalizatè yo te soti satisfè. Responsab BJL yo te pwomèt piblik la lot pwojeksyon toujou ak sipo gwoup Medialternatif.

lundi 3 octobre 2011

Production: Accès-médias

AVI

GWOUP MEDIALTERNATF


Nan tèt kole

 AK

 Biblyotèk Justin Lherisson


AP òganize yon seyans pwojeksyon fim dokimantè “Goudougoudou”, Pieter Van Ecke ak Fabrizio Scapin fèk reyalize.

Aktivite sa a ap fèt jou kap jedi 6 otòb la a 6 zè nan lakou biblyotèk la.

Se premye fwa Ayisyen ap wè fim sa a ki fèt sou tranbleman tè 12 janvye a an Ayiti.

De reyalizatè yo ap la. N ap gen posibilite koze ak yo.

Nou konte sou prezans tout moun k ap viv nan Kafou. Fè pawòl la mache.

Harry Jean