lundi 26 mars 2012

Atis Erol Josue,nan lakou BJL

Jou ki te samdi 24 mas la Bibliyotèk Justin Lherisson te resevwa atis ayisyen Erol Josué ki te vin koze ak jèn kafou yo sou ekperyans li kòm atis ayisyen kap evoliye nan diaspora. Li te 2 zè nan apre midi lè Erol te rive nan bibliyotèk la,pou akeyil jèn yo te di kèk pwezi pou montre atis la koman yo te kontan resevwal nan espas la.

Apre moman pwezi a,Erol te tanmen pataje eksperyans li,ki gen anpil bon,men anpil move moman tou. Men sa ki fondamantal pou atis la,nan la vi yon moun se kouraj ou ak detèminasyonw ki pou edew vanse,malgre difikilte yo,li te detèmine poul pote flanbo kilti ayisyen an byen wo toupatou kotel pase.

Atis la fè remake,li konn anpil gwo siksè,li jwe devan yon piblik ki te depase 80 000 moun nan peyi Maroc,men pi bèl moman nan vi atistik li se dènye espektak lit e bay nan enstiti franse Ayiti jou jedi 22 mas la ak pasaj li nan bibliyotèk Justin Lherisson,nan kafou,paske moman sa yo konektel dirèteman ak pèp li,ak nachon li. Ann pa bliye  Erol Josué fèt nan komin Kafou.

Erol pwomèt jèn yo poul kontinye kolezepòl ak yo sou chimen kilti a,nan ranfòse fon liv bibliyotèk la,nan kontinye goumen pou mande leta meriken pote tounen plis pase 500 tanbou vodou yo te pote ale sou tan okipasyon an,nan ranmase karaktè nou tou pou debarase peyi a de fòs militè etranje yo.

Nou ka di Erol se yon atis angaje ki fè chwa poul bay kontribisyon pal nan chanje move kondisyon la vi kategori ki pi vilnerab yo.


Ayibobo pou Erol Josué
Harry JEAN

lundi 12 mars 2012

Yon ti koze

Jou ki te 7 mas 2012 la, Bibliyotèk Justin Lherisson te resevwa militant feminis Danielle Magloire pou animasyon yon ti koze sou enpòtans dat 8 mas la sou chimen batay fanm yo. Ti koze sa a te fèt sou inisyativ yon asosyasyon feminis ki pote non D’Elles.

Pou demare entèvansyonl nan militant la  te pale de  tantativ kèk sektè pou banalize dat 8 mas la, li te pwofite plase 8 mas la nan yon kontèks goumen pou medam yo rache dwa yo, nan yon sosyete ki gen  fòs  kote nan tretman fanm ak gason.

Pou li 8 mas la se rezilta goumen medam yo, se pa yon kado, alòs se pa yon moman pou bòn fèt ap simaye toupatou, se pito yon moman pou komemore de moman enpòtan nan batay la. Li te fè remake, mouvman feminis la nan esans li se yon mouvman politik, medam yo dwe ranmasel konsa pou yo vanse nan pote revandikasyon yo, nan patisipe nan mouvman sosyal la, li te fe fanm ak gason ki te nan asistans la,we nesesite pou anndan mouvman an ta gen de vrè militan,pou monte de òganizasyon granmoun ki chita sou kalite,nan plas kèk ti gwoup ki se machann ti pwojè wòwòt ki pa gen anyen pou wè ak yon mouvman feminis granmoun,ni yon peyi granmoun.