mardi 11 octobre 2011

Pwojeksyon Goudou Goudou

Jou ki te jedi 6 oktob la,BJL te resevwa yon ekip Gwoup Medialternatif nan kad Pwojeksyon yon fim dokimante ke Pieter Van Ecke ak Fabrizio Scapin  te reyalize sou tranbleman tè 12 janvye a. Anpil moun te fè deplasman pou te vinn assiste pwojeksyon sa a. apre reyalizatè yo te pwofite reponn kèk kesyon ke piblik la tap poze epi ranmase tou komantè piblik la. Anbyans la te enteresan,ni piblik,ni reyalizatè yo te soti satisfè. Responsab BJL yo te pwomèt piblik la lot pwojeksyon toujou ak sipo gwoup Medialternatif.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire